Pòtoprens
Pa Gen Mizik Pase Peyi m ·
—écoutes
(vese 1)
Pòtoprens, pase pran m
M'a pase chèche w
Monte sou tèt platon bèlè
Pou gad solèy k'ap tire dra
Avan l kouche sou lantouray.
Pòtoprens, pase isi pase laba
Anba stati madan kolo
N'a woule sèk monte kabwèt
Vire monte vire desann
Jouk ateri dèyè lise.
(chorus)
Pòtoprens, ou se flanm yon flanbo,
Yon kat pwen kadino.
Yon ke wòb, yon manman
Ou konn sekrè tout verite m.
An verite an verite
Dayè se ou ki verite
Tout bwat sekrè ki san listwa.
(verse 2)
Pòtoprens,
An al pòtay pran kamyonèt
Pase gran ri achte fresko
Oubyen file ri dèseza
Sinon pran wout mache anba
Al machande rèv ak lespwa.
Pòtoprens pa ret sou twotwa
Ou gen adrès ak nimewo
Anndan tout kè ki konn renmen.
(chorus)
Pòtoprens, ou se flanm yon flanbo,
Yon kat pwen kadino.
Yon ke wòb, yon manman
Ou konn sekrè tout verite m.
An verite an verite
Dayè se ou ki verite
Tout bwat sekrè ki san listwa.
(verse 3)
Ou s'on zanmi, ou s'on fanmi
Ou s'on lanmou kole sou po m
Ou konn kriye lè-m pran kriye
Ou konn chagren, lè m kilbite
Anba lapli w pote m sou do
Mennenm dodo anwo tijo.
Pòtoprens, ou se flanm yon flanbo,
Yon kat pwen kadino.
Yon ke wòb, yon manman.
(chorus)
Pòtoprens, ou se flanm yon flanbo,
Yon kat pwen kadino
Yon ke wòb, yon manman,
Ou konn sekrè tout verite m.
An verite an verite
Dayè se ou ki verite
Tout bwat sekrè ki san listwa.
(outro)
Pòtoprens, ou se flanm yon flanbo,
La la la la…
Yon ke wòb, yon manman
La la la la…
Pòtoprens, ou se flanm yon flanbo,
La la la la…
Yon ke wòb, yon manman
Se ou ki la
Pou banm lebra.
Pou banm lebra.