Pòdepè
Pa Gen Mizik Pase Peyi m ·
—écoutes
(verse 1)
Pòdepè!
Solèy dodo meya nan men w
Lè lajounen pran wout lannwit
Nan bra w li an sekirite
Pou leve byen fre lematen.
Mwen renmen tann ou sou chimen
Pou gad ale w ak tann vini w
Mwen renmen lè w fè van pou mwen
Lè nòde sere paravan m.
(chorus)
Pòdepè mwen damou w
Pa mande m pou kisa
Paske pa gen paske
Lè m damou m damou fou
Mwen damou w pòdepè,
San parantèz ni pwen.
Pòdepè mwen damou w
Pa mande m pou kisa
Paske pa gen paske
Lè m damou m damou fou
Mwen damou w pòdepè,
San parantèz ni pwen.
(verse 2)
Pòdepè !
Sou pòtay ou lanmou pike m
Depi jou sa ou pa sispann
Mache nan san m fè lèsan pa
Tout venn nan kò m pran tresayi.
Ou fè m vire ou fèm tounen
Ou menm fè m santi mwen ta vil
Pou tout kamyon k' soti nan mwen
Vini nan ou ak kè kontan.
(chorus)
Pòdepè mwen damou w
Pa mande m pou kisa
Paske pa gen paske
Lè m damou m damou fou
Mwen damou w pòdepè,
San parantèz ni pwen.
Pòdepè mwen damou w
Pa mande m pou kisa
Paske pa gen paske
Lè m damou m damou fou
Mwen damou w pòdepè,
San parantèz ni pwen.
(verse 3)
Tout fou mwen fou se fou pou ou
Kachte lanmè nan bwat sekrè
Pou rakonte l tout bèl pawòl
Mwen anvi di w avan w dòmi
Se fou mwen di w mwen fou pou ou
Jouk tèt mwen pati lòt bò dlo
Men kite kè mwen tou prè kè w
Pou li pa janm pèdi siyal.
(chorus)
Pòdepè mwen damou w
Pa mande m pou kisa
Paske pa gen paske
Lè m damou m damou fou
Mwen damou w pòdepè,
San parantèz ni pwen.
Pòdepè mwen damou w
Pa mande m pou kisa
Paske pa gen paske
Lè m damou m damou fou
Mwen damou w pòdepè,
San parantèz ni pwen.
Pòdepè!
(chorus)
Pòdepè mwen damou w
Pa mande m pou kisa
Paske pa gen paske
Lè m damou m damou fou
Mwen damou w pòdepè,
San parantèz ni pwen.
Pòdepè mwen damou w
Pa mande m pou kisa
Paske pa gen paske
Lè m damou m damou fou
Mwen damou w pòdepè,
San parantèz ni pwen.
Pòdepè!
Pòdepè!