Okap
Pa Gen Mizik Pase Peyi m ·
—écoutes
(verse 1)
Okap,
Mwen kanpe sou boulva
Je nan je ak lanmè
Ap admire bote w
Gade mwen pran gade w
La menm mwen sou san bwè
Dòmi pote m ale
Ale lwen nan yon rèv
Tout moun ki bon damou
Gen pwojè pou reve.
(chorus)
Okap
Kite m di w yon lòt fwa
Rasin lanmou m, se ou.
Bonè lavi m, se ou
Tout sa m anvi, se ou
Se ou menm se ou menm
Ki tout paj nan listwa m.
(verse 2)
Okap,
Mwen kanpe sou boulva
Men nan men ak lanmè
Tankou de ti pantan
Douvan katedral kò w
Ap desin'on pwezi
Ki pòtre w tèt pou tèt
Tèt pou tèt sou balkon w
Tout moun ki bon damou
Gen pwojè vin pran van.
(chorus)
Okap
Kite m di w yon lòt fwa
Rasin lanmou m, se ou.
Bonè lavi m, se ou
Tout sa m anvi, se ou
Se ou menm se ou menm
Ki tout paj nan listwa m.
(verse 3)
Mwen chita bò baryè
Ap gade w k'ap antre
Antre lwen nan fon kè m
Vin bay lodyans ak zanj
Ki se zanj gadyen mwen.
Lè alfabè m toudi
Se ak lèt ou m' pale
Di tout abesede
Ki nan kaye lanmou.
(chorus)
Okap
Kite m di w yon lòt fwa
Rasin lanmou m, se ou.
Bonè lavi m, se ou
Tout sa m anvi, se ou
Se ou menm se ou menm
Ki tout paj nan listwa m.
(chorus)
Okap
Kite m di w yon lòt fwa
Rasin lanmou m, se ou.
Bonè lavi m, se ou
Tout sa m anvi, se ou
Se ou menm se ou menm
Ki tout paj nan listwa m.
(outro)
Okap
Se ou menm ki mwen menm
Se ou menm se ou menm
Ki montre m sak lanmou.
Mwen renmen w mwen damou w
A minwi mwen damou w
A midi mwen rennmen w
Minwi mwen redamou.
Minwi mwen redamou.