Aller au contenu

Fò Libète

Pa Gen Mizik Pase Peyi m ·

—écoutes
(Verse 1) Fò Libèté, vil rèv an mwen, Lè bato m akosté nan bra w Lanmè pran zèl pou li volé Fò Libèté lanmou an mwen Souff ou se fòs van pa kontré Pa gen rivyè li pa janbe. Tout loseyan fini nan bra w, Fò Libèté. (chorus) Fò Libèté, Ou se lanmou, San paspouki, Ou se lanmou San jou konje. Ou se jaden lajwa fleri, Nan tout kwen kè m. Fò Libèté, Ou se lanmou, San paspouki, Ou se lanmou San jou konje. Ou se jaden lajwa fleri, Nan tout kwen kè m. (verse 2) Se nan de bra w, mwen santi m djanm, Mwen gad lavi san bese tèt. Rèv mwen se drapo w ki flote, Nan tout katye w, sou tout chimen w. Menm lè tan tanmen fèmen je l, Ou ret veyè lapè nanm mwen, Ou ret veye bwat sekrè kè m, Tankou gadò limyè lespwa. (Chorus) Fò Libèté, Ou se lanmou, San paspouki, Ou se lanmou San jou konje. Ou se jaden lajwa fleri, Nan tout kwen kè m. Fò Libèté, Ou se lanmou, San paspouki, Ou se lanmou San jou konje. Ou se jaden lajwa fleri, Nan tout kwen kè m. (verse 3) Anba pòpyè w pou dòmi pranm, Pou Lè m leve, mwen vin pi fò, Sou zèl lanmou, ak zèl lespwa. Fò Libèté, ou s'on bijou, Ou fèt ak lalinn ak solèy. San di petèt ou fèt an kwaff San di petèt ou s'on mistè Pito mwen pa chèche konprann (chorus) Fò Libèté, Ou se lanmou, San paspouki, Ou se lanmou San jou konje. Ou se jaden lajwa fleri, Nan tout kwen kè m. Fò Libèté, Ou se lanmou, San paspouki, Ou se lanmou San jou konje. Ou se jaden lajwa fleri, Nan tout kwen kè m. (outro) Fò Libèté, Fò Libèté, Ou s'on lanmou Lanmou doudou Ou se lanmou Ou se lanmou Fò Libèté, Ou s'on lanmou Lanmou doudou (Chorus) Fò Libèté, Ou se lanmou, San paspouki, Ou se lanmou San jou konje. Ou se jaden lajwa fleri, Nan tout kwen kè m. Fò Libèté, Ou se lanmou, San paspouki, Ou se lanmou San jou konje. Ou se jaden lajwa fleri, Nan tout kwen kè m.