Aller au contenu

Jeremi

Pa Gen Mizik Pase Peyi m ·

—écoutes
(Verse 1) Jeremi … Mwen pa te konn sa m t'ap chèche, Jiskaske je m tonbe sou ou. Mwen gade w, ou gade m, Epi m bliye tout sa mwen ye Pou fonn nan ou kou sab lanmè. Mwen pat konn kote m te rete Jouk nan fon kè w mwen jwenn yon plas Pou m di pwezi pasi pala. (Chorus) Jeremi, ou dous san bri Ou bèl san kont. Ou se pwezi avan solèy Ou se mizik avan lalin Nan tout kaye gwo achitèk Ou se desen mwen pi renmen. (Verse 2) Ou chita sou janm loseyan, Tout vag ki wè w beni davans. Leblé di syèl pran fòm nan zye w Avan l pran wout pou fon lanmè. Tout sa k rive m rive m avè w, Ou abite m tout kote m ye. Tout sa ou ye se sa mwen ye Yon bòl tonmtonm prèt pou vale. (Chorus) Jeremi, ou dous san bri, Ou bèl san kont. Ou se pwezi avan solèy Ou se mizik avan lalin Nan tout kaye gwo achitèk Ou se desen mwen pi renmen. (Bridge) Jeremi … Jeremi... Jeremi Pa kite m kite w. Mwen pap kite w kite m. Janmen kite w kite m. Jeremi … Jeremi... Jeremi Pa kite m kite w. Mwen pap kite w kite m. Janmen kite w kite m. (Verse 3) Jeremi, Jeremi Ou se peyi m nan tout peyi. Lodè w tache sou tout panno. Pòtre w fè sikatris nan zye m, Tout wè mwen wè se ou mwen wè Maten midi leswa Ou se baton ki banm chimen. (Chorus) Jeremi, ou dous san bri, Ou bèl san kont. Ou se pwezi avan solèy Ou se mizik avan lalin Nan tout kaye gwo achitèk Ou se desen mwen pi renmen. (Bridge) Jeremi … Jeremi... Jeremi Pa kite m kite w. Mwen pap kite w kite m. Janmen kite w kite m. Jeremi … Jeremi... Jeremi Pa kite m kite w. Mwen pap kite w kite m. Janmen kite w kite m. (Chorus) Jeremi, ou dous san bri, Ou bèl san kont. Ou se pwezi avan solèy Ou se mizik avan lalin Nan tout kaye gwo achitèk Ou se desen mwen pi renmen.