Aller au contenu

Okay

Pa Gen Mizik Pase Peyi m ·

—écoutes
Intro) Okay, Lanmou s'on twou bote Ki tache nan machwè w. S'on do re mi fa sòl Pou konstwi yon mizik Sou vag k'ap karese w Jouk lòlòj mwen vire. (Verse 1) Yon ti myèl, yon ti sik Levan di Sid s'on sansasyon Yon kontantman letènite. Yon sant lanmè yon sant solèy, Nou kouve rèv anba lanmè. Timoun yo ri kou flè dizè Anba lapli sou plaj jele Lanati menm chante ak ou Tout sab ki pran koulè nan kè m. (Chorus) Okay, ou bèl kou lasirèn, Ou bèl ou bèl wi ou fout bèl. Non ou sonnen kou lapriyè Zanj fè pou remèsye lesyèl. Kite m site non ou san fwa Okay cheri m' renmen w anpil. (Verse 2) Kalfou w se kwa onon di pè m Ki banm zaviwon pou m vanse Kot rèv mwen yo ap ret tann mwen. Ou se souvni tout anfans mwen Ou se lago lè fin kache Ou se kachkach sere m byen fò. Pase isi pase lòt bò Mwen menm ak ou se marasa Tout bèl pwomès lavèy joudlan. (Chorus) Okay, ou bèl kou lasirèn, Ou bèl ou bèl wi ou fout bèl. Non ou sonnen kou lapriyè Zanj fè pou remèsye lesyèl. Kite m site non ou san fwa Okay cheri m' renmen w anpil. (Verse 3) Okay… Mwen fout renmen w avan minwi. Avan mèt minwi pran lari. Okay… Mwen fout damou w avan midi. Avan tout lapriyè pran zèl Mwen renmen w mwen renmen w Mwen renmen w. (Chorus) Okay, ou bèl kou lasirèn, Ou bèl ou bèl wi ou fout bèl. Non ou sonnen kou lapriyè Zanj fè pou remèsye lesyèl. Kite m site non ou san fwa Okay cheri m' renmen w anpil.