Aller au contenu

RI Makajou

Plim Poul ·

—écoutes
Verse 1: Depi jou nou rankontre Kè m pa gen kote pou mete kò l. Ou pote limyè ki limen tou limen Ki bay solèy anvi vin pran boustè nan ou Pou santi li vivan yon vivan byen vivan. Ou s'on medikaman ki bay mal tèt fè mal Ki fè byen santil byen jouk li tanmen fè byen. cheri pa fè m pale pou m pa pran depale. Chorus: Ou se lanmou mwen pi renmen. Ou s'on pwomès mwen te pwomèt Rete tou pre m, Vini nan bra m’. Chita nan kè m an gran jipon Verse 2: Nan je w’, mwen wè tout sa ki lwen Nan pye w, pou mwen tout peyi pre Nan bra w mwen s'on moun kè nan men Nan bouch ou tout sa mwen goute gou. tout rèv ki rèv se lè m reve w tout ri souri lè w'ap pase Tout flè tizè lè w'ap vini kote nou tou de konn vini. Chorus (2X) Ou se lanmou mwen pi renmen. Ou s'on pwomès mwen te pwomèt Rete tou pre m, Vini nan bra m’. Chita nan kè m an gran jipon (outro) Ou se lanmou mwen pi renmen. Ou s'on pwomès mwen te pwomèt Rete tou pre m, Vini nan bra m’. Chita nan kè m an gran jipon