Aller au contenu

Riyèl Nazon

Plim Poul ·

—écoutes
[Verse 1] M ap vin jwenn ou pou w vini, ak yon lannwit panche sou do tankou lèsen k'ap fè lago . Vini cheri! Vini! Sou lang mwen tankou ti bato ki pèdi syèl sou rivaj ou. [Chorus] Vini cheri! Vini! Tranble cheri! Tranble! Rele cheri! Rele! Rele, tranble, vini! [Verse 2] Kite silans ou nan rèl mwen pran plas ki plas ou sou bouch mwen, tankou sekrè k ap paweze anba kadans fèy santi bon. Kite bouch mwen nan ri ki ri w ak lonbray mwen nan kwen jaden w gadem k'ap sekle poum plante. [Chorus] Vini cheri! Vini! Tranble cheri! Tranble! Rele cheri! Rele! Rele, tranble, vini! [Verse 3] Lè sous linivè pran pale nan lang ki fon sèl ak frison, nou a va rete san bouje, inosan sou bò toudisman, bouch nan bouch ap bobo lavi. Men nan men ap flanbe solèy [Chorus] Vini cheri! Vini! Tranble cheri! Tranble! Rele cheri! Rele! Rele, tranble, vini! [voiceover] Se konsa pou sa ye! Kit ak men m, kit ak bouch, w ap toujou byenvini. [Chorus] Vini cheri! Vini! Tranble cheri! Tranble! Rele cheri! Rele! Rele, tranble, vini! [Outro] Vini cheri! Vini! Tranble cheri! Tranble! Rele cheri! Rele! Rele, tranble, vini! [Outro] Vini cheri! Vini! Tranble cheri! Tranble! Vini cheri! Vini! Rele, tranble, vini! [voiceover] Rele… vini… Tranble, cheri an mwen.