Riyèl Pikan
Plim Poul ·
—écoutes
Pouki flè trepasé
Depi ou pa pase
Loray gwonde anwe
Chagren kouvri somyè-m
Pouki galèt mwen fonn
Nan rivyè-w pa janbe
Pouki se sou chimen-w
Van wete twal kay mwen
(Chorus)
van wete twal kay mwen
Labou mèt kouvri pye-w
Cheri… Antre nan kè m
antre jis nan fon kè m
Verse 2
Pouki solèy kache
Depi w poko leve
Lannwit antre bonè
lè w touche larouze
Pouki tout sous ki sèch
kouri kaye nan je m
lè w pa pwoche tou pre m
(Chorus)
van wete twal kay mwen
Labou mèt kouvri pye-w
Cheri… Antre nan kè m
antre jis nan fon kè m
Verse 3
Pouki tout vag lanmè
ap chèchè akoste
sou sab ki konn bri pye w
pou di mèsi lesyèl
Pouki tout van vante
Pran direksyon kay ou
pou pran souf nan souf ou
lè lavi sou branka
(Chorus)
van wete twal kay mwen
Labou mèt kouvri pye-w
Cheri… Antre nan kè m
antre jis nan fon kè m
(Outro)
van wete twal kay mwen
Labou mèt kouvri pye-w
Cheri… Antre nan kèm
pou w wè jan mwen renmen w.