Ri Bòjla
Plim Poul ·
—écoutes
(Verse 1)
Foli g'on twou nan manch
ki bay men m baryè lib
pou fè siy delakwa
douvan liy rad ou tann
se la mwen lematon
lè chelèn mwen grizon
se la m mande renmen
rennmen w san paspouki.
(Chorus)
Foli m s'on van vire
ki pote m ale lwen
sou chimen lanmè pran
pou jwenn limyè nan ou
Si mwen fou se pou ou
soti Granri monte Tijo
Tonnè kraze lalin bòdmè
tout sèman m fè
fè m pi renmen w
(Verse 2)
Foli m s'on van vire
Se la m m aprann konprann
lanmou g'on venn sansib
ki sansib nèt ale
se la tou m kite jwen
pou zetwal respire
yon lanmou plen kou ze
n'ap kouve toulède
(Chorus)
Foli m s'on van vire
ki pote m ale lwen
sou chimen lanmè pran
pou jwenn limyè nan ou
Si mwen fou se pou ou
soti Granri monte Tijo
Tonnè kraze lalin bòdmè
tout sèman m fè
fè m pi renmen w
(Verse 3)
Se nan preyè w mwen balanse
ki pwa lafwa mwen gen nan lanmou
sou tèt baryè w mwen travèse
pou mache di kouman m damou
Lavi ban m chans pou m rankontre w
kite m rakonte... jan m renmen w
Lavi ban m chans pou m rankontre w
kite m rakonte... jan m renmen w
(Chorus)
Foli m s'on van vire
ki pote m ale lwen
sou chimen lanmè pran
pou jwenn limyè nan ou
Si mwen fou se pou ou
soti Granri monte Tijo
Tonnè kraze lalin bòdmè
tout sèman m fè
fè m pi renmen w
(Outro)
tout sèman m fè
fè m pi renmen w
Renme w… renmen w cheri.