Aller au contenu

Ri Bòjla

Par Jean Venel Casséus

Foli g'on twou nan manch ki bay men m baryè lib pou fè siy delakwa douvan liy rad ou tann… se la mwen lematon lè chelèn mwen grizon. se la m mande renmen rennmen w san paspouki. se la m aprann konprann lanmou g'on venn sansib ki sansib nèt ale. se la tou m kite jwen pou zetwal respire yon lanmou plen kou ze n'ap kouve toulède. Foli m s'on van vire ki pote m ale lwen sou chimen lanmè pran pou jwenn limyè nan ou… Si mwen fou se pou ou! Soti Granri monte Tijo, tonnè kraze lalin bòdmè tout sèman m fè fè m pi renmen w. Se nan priyè w mwen balanse ki pwa lafwa mwen gen nan lanmou. Sou tèt baryè w mwen travèse pou mache di kouman m damou. Lavi ban m chans pou m rankontre w kite m rakonte... jan m renmen w !