« Foli m s’on van vire, ki pote m ale lwen, sou chimen lanmè pran, pou m jwenn limyè nan ou. Si mwen fou se pou ou. Soti sou Gran Ri monte Tijou, tonnè kraze lalin bòdmè, tout sèman m fè, fè m pi renmen w. »*

Lè m di m fou, se pa de foli ki mande tretman m ap pale. M ap pale de yon fòs anndan m ki refize m rete atè lè m fin tonbe pandan lavi ap etale devan m tout rezon pou m pa leve. M ap pale de sa ki fè m kontinye aji lè tout kalkil anonse m echèk, lè eksperyans konseye m fè bak, lè reyalite a mete tout prèv yo sou tab la pou l konvenk mwen pa gen anyen ankò ki vo efò ak sakrifis mwen ta ka fè. Foli sa a pa fè m pèdi tèt mwen. Se li ki anpeche tèt mwen pati.

Mwen pap pentire ni malè m ni malè lòt moun ak bèl pawòl. Mwen pa nan pale koze kremòl, tante fè lannuit tounen lajounen nan kase tèt zetwal. Gen pòt mwen konnen ki fèmen. Gen wout m pran ki ka pa mennen m kote m vle rive a. Gen batay m antre san m pa konnen si laviktwa posib. Mwen konnen tout sa. Men sa m wè jodi a pa gen dwa trase limit tout sa demen ka pote. Reyalite a ka montre m kote m ye, li pa ka, deside kote m gen dwa rive.

Moun, sitou ayisyen, ki pesimis toujou gen bon agiman. Li konte tout tantativ ki echwe, tout pwomès ki trayi, tout moun ki te pati men ki pa janm rive. Mwen koute yo, paske mwen pa vle fè espwa m tounen yon manti m ap rakonte tèt mwen. Men apre yo fin pale, mwen toujou mande tèt mwen: èske sa ki rive deja oblije rive menm jan ankò? Se lè sa a foli m pran lapawòl. Li pa demanti okenn prèv. Li annik raple m prèv sou sa ki te pase pa ka sèvi kòm santans pou sa ki poko rive.

Si m t ap tann tout kondisyon favorab anvan m aji, mwen t ap pase tout vi m chita nan yon kwen ap tann lavi. Se poutèt sa mwen aprann mache menm lè wout yo gradoub. Mwen aji, pa paske m sèten m ap reyisi, men paske mwen pa vle echèk deside pou mwen anvan mwen menm mwen eseye. Mwen renmen, pa paske m gen asirans y ap renmen m, men paske mwen pa vle laperèz chwazi sa kè m dwe dezire. Mwen kreye, pa paske m sèten moun ap resevwa sa m fè, men paske silans pa dwe antere tout sa mwen gen anndan m.

Sa pa vle di mwen pran tout anvi m pou verite. Mwen konnen diferans ki genyen ant yon rèv ak yon chimè. Moun ki chimerik lan kwè l’ap rive san li pa fè yon pa; li kwè l’ap rekòte san li pa t janm plante. Moun k'ap reve a li menm mete men li nan farin lan, lè l fin reve pen ak konparèt. Li travay, li doute, li korije tèt li. Li ka chanje chemen san li pa abandone objektif li. Foli m pa fè m kwè tout bagay posib. Li anpeche m deklare enposib sa pèsonn poko eseye ak tout fòs yo.

Gen jou mwen san espwa. Men mwen leve : Leve ekri san enspirasyon, leve bati san aplodisman, leve plante nan fon dezè. Se konsa konsa mwen vin konprann espwa pa toujou yon santiman. Gen de lè li se yon disiplin. Li se abitid mwen pran pou m avanse ti pa ti pa san konnen pafwa ki pa k ap vin aprè, menm lè tout vwa anndan m ap mande m ki sans sa genyen. Sans ak bon sans yon inisyativ pa toujou evidan. Pafwa, sèl sans yon inisyativ mwen pran genyen, se pa kite dezespwa chwazi ki direksyon mwen dwe pran.

Foli se refren tout aksyon m. Lè larezon di m: « Sa twò lou », foli m reponn: « Pote sa w kapab. » Lè laperèz di m: « Ou ka pèdi », foli m reponn: « Men ou poko pèdi. » Lè fatalite fèmen tout fenèt, foli m banm fòs mete men m sou tout miray pou cheche yon jwenti.

Si mwen pa te fou, tèt mwen t ap deja pati. Li t ap pati pran lari anba kantite bagay li pa konprann, anba pwa sa li pa ka chanje, anba tout demen m ki sanble deja ekri san mwen. Foli m se pa yon mwayen pou m kouri kite reyalite a. Okontrè, se fason pa m mwen chwazi antre ladan l, pou m pa kite l vale m. Se fason pa m pou m dekonstwi enposib.

  • JVC, Bon Moun, albòm "Haiti mots pour maux, 2024.