Aller au contenu

Ri Senmaten

Plim Poul ·

—écoutes
(verse 1) sou kolin nou m anvi chita gad solèy k ap chanje soutyen nan vale w mwen anvi rete pou jofre lonbray lorizon nan plenn ou m anvi kalbennde tankou timoun ki larivyè nan kannal ou m anvi rive pou w tranpe m jouk ou neye m chorus Depi w tande m se jerograf tout kò w se kat pwen kadino depi w tande m se topograf tout ri nan kè m pot senyati w (verse 2) Sou montay ou mwen vle monte nan pa ki pa ou pazapa pou gade lòt bò lantouray Kote lavi ap jwe vyolon Nan sous ki sous ou m vle souse Nan chan ki chan w mwen vle pouse Se nan Rivyè w mwen vle mizik Pou dlo ki dlo w lave rèv mwen Chorus Depi w tande m se jerograf Tout kò w se kat pwen kadino Depi w tande m se topograf Tout ri nan kè m pot senyati w (verse 3) Sou bitasyon ou m vle vivan Rekòlte rèv ki plen lespwa Nan van ki van w mwen vle kouran Pou paweze tout gran chimen Nan katedral ou m vle losti pou fidelize tout fidèl Onon dipè je suis sauvé kontre m kontre w m nan paradi. Chorus Depi w tande m se jerograf Tout kò w se kat pwen kadino Depi w tande m se topograf Tout ri nan kè m pot senyati w Chorus Depi w tande m se jerograf Tout kò w se kat pwen kadino Depi w tande m se topograf Tout ri nan kè m pot senyati w Chorus Depi w tande m se jewograf Tout kò w se kat pwen kadino Depi w tande m se topograf Tout ri nan kè m pot senyati w