Ri Pave
Plim Poul ·
—écoutes
(Intro)
M’ap jwe gita pou ou
Melodi m sere nan fon kè w
Chak tèk mwen fè s’on rèz
Zwazo m vole al wè lanmè
Lanmè pran zèl zwazo-m
lanmè vole kou zòtolan
Zwazo m rete fè tyoul lanmè
(chorus)
Gita m graje pou ou cheri
kage sou do an si bemòl
Do re mi fa ki sou bouch ou
Lemante-m
(verse 1)
Timoun grandi nan bayawonn
Bayawonn pikè lanvi timoun
Timoun grandi kou bayawonn
M’ap jwe gita pou ou cheri
Akò-m kwoke nan très cheve w
Pou penyen tout ti melodi
Timoun fredone nan dòmi
(chorus)
Gita m graje pou ou cheri
kage sou do an si bemòl
Do re mi fa ki sou bouch ou
Lemante-m
(verse 2)
Gita m graje sou do peyi m
s'on son ki dous sou plaj Kan Lwiz
s'on rapadou nan Ansdèno
s'on pelerinaj nan So Do
Gita m graje sou do peyi m
soti kenskoff desann lavil
nan mitan chou wi ti chouchou
(chorus)
Gita m graje pou ou cheri
kage sou do an si bemòl
Do re mi fa ki sou bouch ou
Lemante-m
chorus
Gita m graje pou ou cheri
kage sou do an si bemòl
Do re mi fa ki sou bouch ou
Lemante-m
(outro)
Gita m graje pou ou cheri
kage sou do an si bemòl
Do re mi fa ki sou bouch ou
Lemante-m