Ri Dè Mirak
Plim Poul ·
—écoutes
[Verse 1]
Lanmou se doulè
Doulè a mechan
Mechan an se ou!
Ou gen je yon tsounami
Ou gen yon bouch tranbleman-kè
Ren ou file pase dife
Chak pa ou fè s'on jenosid
[Chorus]
wi ou mechan men dous kou myèl
Piki w pran kèm mete sou kè w
Tanpèt ou pranm mennem nan briz
Lè w inondem mwen tounen zanj
[Verse 2]
Ou pote nan ou tout vyolans
Ki souke m, ki balanse m
Tout vyolans ki pot lapè
Ki bay tout sans mwen yo yon sans
Ou pote nan ou tout lanmou
Ki kase pòt antre nan mwen
Kilès ki pou pote m sekou
Lè san katòz se ou ankò?
[Chorus]
wi ou mechan men dous kou myèl
Piki w pran kèm mete sou kè w
Tanpèt ou pranm mennem nan briz
Lè w inondem mwen tounen zanj
[Chorus]
wi ou mechan men dous kou myèl
Piki w pran kèm mete sou kè w
Tanpèt ou pranm mennem nan briz
Lè w inondem mwen tounen zanj